Q. Kisa Pwogram Kamera pou Sekirite nan Zòn Lekòl la ye?
A. House Bill 657 se yon lwa Florid ki te apwouve pa Asanble Florid la epi ki te siyen pa Gouvènè Ron DeSantis nan dat 31 me 2023. Anba lwa sa a, yo otorize itilizasyon kamera pou fè respekte vyolasyon vitès pandan tout jou lekòl. Vil Bay Harbor Islands ap aplike pwogram kamera sekirite nan zòn lekòl la pou ane lekòl 2024 - 2025 lan ak lòt ane kap vini yo.
Q. Kisa “photo enforced” vle di?
A. Se yon prèv fotografik yo pral itilize pou voye yon Avi Vyolasyon bay pwopriyetè anrejistre yon machin. Machin nan dwe depase limit vitès ki afiche a plis pase dis (10) mil pa èdtan. Avi Vyolasyon an ap gen ladan dat, lè, kote, ak prèv fotografik vyolasyon an.
Q. Kilè e ki kote yo itilize enfòmasyon fotografik la?
A. Sistèm enfòmasyon kamera a ap aktif pandan tout jou lekòl ap fonksyone. Tan egzak yo varye selon orè chak lekòl endividyèl, men kòman peryòd enfòmasyon vitès yo ap fèt :
- 30 minit anvan kòmansman yon sesyon lekòl ki pwograme regilyèman.
- 30 minit apre fen yon sesyon lekòl ki pwograme regilyèman.
- 30 minit anvan kòmansman pwogram dejene lekòl la.
- Pandan lè ouvèti ak lè lekòl la fèmen.
Q. Ki Zòn Lekòl yo aplike enfòmasyon pa kamera?
A. Non lekòl Adrès Tan Flasher
Q. Ki benefis enfòmasyon pa foto genyen?
- Li ogmante sekirite timoun ak anplwaye nan zòn lekòl, nan dekouraje eksè vitès.
- Li ankouraje chofè yo pou yo respekte limit vitès ki afiche yo.
- Li diminye risk ki asosye ak vitès nan zòn kote timoun prezan.
Q. Kisa egzakteman kamera yo ap kaptire, e èske enfòmasyon sa an sekirite?
A. Sistèm enfòmasyon kamera yo la pou kaptire done ki espesifye pa vil Bay Harbor Islands dapre direktiv lokal, direktiv eta a, ak direktiv federal. Done sa yo ap gen ladan foto modèl, estil machin nan ak plak machin nan. Li pral gen ladan tou dat, lè, kote, ak vitès ki tap fèt la.
Tout done yo transmèt epi kode nan yon sèvè santral tretman done ki an sekirite, epi done sila yo nimerik yon fason pou anpeche tout entèseptasyon ak manipilasyon, yo asire sou pi gwo nivo pwoteksyon nan chèn estokaj. Tout imaj orijinal ak done yo estoke an sekirite on kote ki fèt pou konsèvasyon done.
Q. Konbyen pwogram enfòmasyon pa foto a koute kontribyab yo?
A. Sistèm enfòmasyon pa foto a finanse nèt pa amann ki peye yo.
Q. Kilès ki bay Avi Vyolasyon?
A. Yon ofisye polis sètifye nan Eta Florid ki anplwaye pa vil Bay Harbor Islands se sèl ajans ki ka deside si yon Avi Vyolasyon jistifye.
Q. Ki opsyon mwen genyen si mwen resevwa yon avi vyolasyon?
A. Gen de (2) opsyon ki ofri a pwopriyetè anrejistre machin nan:
1. Peye amann nan nan 30 jou apati dat emisyon an.
2. Mande yon odyans nan 30 jou apati dat emisyon an.
• Echèk pou swiv opsyon Avi Vyolasyon yo nan 30 jou apati dat emisyon an ap lakòz emisyon FLORIDA UNIFORM TRAFFIC CITATION
• Si vyolasyon fèt nan estati Avi Vyolasyon an, pa gen okenn efè negatif sou lisans chofè a oswa asirans lan.
• Tout opsyon yo ap nan Avi Vyolasyon y’ap voye bay pwopriyetè anrejistre machinn nan.
Q. Èske peye yon Avi Vyolasyon ap afekte asirans oswa lisans kondwi mwen?
A. Non. Avi vyolasyon se yon penalite sivil epi li pa afekte privilèj kondwi ou oswa asirans ou.
Q. Kisa k ap pase si mwen se pwopriyetè anrejistre a, men se yon lòt moun ki t ap kondwi machin nan?
A. Se pwopriyetè anrejistre machin nan ki enplike nan vyolasyon an kòm responsab e ki responsab pou peye Avi Vyolasyon ki bay la, sof si pwopriyetè a ka montre nan yon afidavit ekri, youn nan sikonstans sa yo :
• Machin nan te, nan moman vyolasyon an, nan men, sou gad, oswa sou kontwòl yon lòt moun.
• Chofè machin nan te resevwa yon tikè trafik pa yon ofisye lalwa pou menm vyolasyon an.
Q.Ki jan mwen ka peye yon avi vyolasyon?
A. Atravè entènèt
https://secure.speedviolation.com
Atravè telefòn
877-385-3849